Yon kabinè avoka nan Bloomfield,
New Jersey, k ap ban nou bon sèvis
.

Tel: 973.748.0808 / email: info@belizairelaw.com

Kabinè Avoka Landry Belizaire se yon kabinè ki la pou sèvi diferan kominote ki rete nan zòn Nouyòk-Noujèze a. Tout kalite dosye nou prezante devan li, kabinè a ap reponn: dosye pwoblèm nan fanmi, dosye kriminèl, dosye kontravansyon machin, dosye diskisyon ak moun osnon biznis, dosye imigrasyon, natiralizasyon osnon dwa entènasyonal.

Objektif nou nan Kabinè Landry Belizaire se pou nou konsantre nou sou chak dosye, avèk bon jan serye, avèk respè pou kliyan nou yo, on jan pou nou kapab pote bon rezilta, kèlkelanswa kote kliyan an soti, kèlkelanswa mwayen l genyen, kèlkelanswa koulè l, kèlkelanswa relijyon li.

Depi ou gen on pwoblèm ki mande pou konsèy avoka ayisyen, kontakte nou tousuit nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.